19/11/2025
Tout glwa pou BonDye ki anwo nan syèl la. Grenadye alaso
Haiti love it or leave it
19/11/2025
Tout glwa pou BonDye ki anwo nan syèl la. Grenadye alaso
02/11/2025
Pèp Ayisyen aprè yon bon bout tan nou fè nou pa pale jodia se yon gran jou pou nou kontinye dyalog nou te konn fè yo. Nan moman yo anonse nou yon eleksyon brit sou kou kote nou pa wè devan ak dèyè, nou pa konn ki sen pou nou rele. Mwen vinn envite pran yon ti tan pou nou reflechi kisa ki ap bon pou nou, pou demen nou, pou pitit nou yo.
Sebyen depi gen eleksyon pou n'al vote, men sonje vote pou yon moun ki pou Ayiti, yon moun kap fè sosyete ya byen, yon moun ki gen konpasyon, yon manman, yon papa. Se pa moun ki konnen'w, se pa moun ke'w ka al lakay li aprè eleksyon oubyen kap vinn wè'w aprè si la kap ba'w mil goud pou vote ya. Non se pa li. se sila lè'w finn vote pou li ki ka kreye djòb pou peyi ya, se sila ki ka pote espwa pou sak pi lwen yo, se sila ki konn sa'w w'ap soufri ya e ki ap pote solisyon pou ou. Mwen pap di'w plis. tout moun nan peyi a ap chache yon SOVÈ, men si sovè sa gen kont pèsonèl li lap vinn regle, Ayiti poko prèt pou'l sòti nan sa'l ye la, si moun sa se yon viktim de prè de systèm nan, l'ap vinn kreye plis viktim, si se moun ki an afè avèk lajistis, li pral tòde jistis la pou'l sòti tèt li. Kidonk ou menm ou pap janm sòti, sa vle di Ayiti ap toujou nan tenten, Tanpri sonje pitit ak pitit pitit ou yo, sispann wè pwòp tèt pa'w epi bay Ayiti yon chans.
Sa se mobilizasyon ki kounye a nan komisarya Canapé Vert ya nan kad pou yo restore enspektè polis la nan plas li
20/03/2023
20/03/2023
Urgent !!! Urgent !!!
Nou te pran yon brek pou jan nou wè peyi ya prale la, paske nou pa konprann ki moun k'ap goumen ak ki moun e pou kisa n'ap goumen. Jodia se yon devwa pou nou pale, sinon wòch yo ap pale nan plas nou.
Aprè lanmò sexy pyès moun pa konnen si se verite si se manti, paske bagay yo melanje. Dosye sexy a vinn fè John Colem Morvan ak Theriel Thelus yo rele T T vinn frajil. Poukisa? Paske gen yon kantite moun ki pa kwè nan pawòl yo pale sou sexy epi nan kondisyon li mouri ya. Jodia ou kanpe anfas Phantom yon rapè ki pa menm jan ak sexy nan popilarite.
Morvan frè pam, paskew se Ayisyen si'w pa reyisi kou sa, w'ap fini tankou kreyon DGI, paske mwen wè kou sa se yon dènye zèl kat w'ap jwe la, w'ap gen pou wè'l nan live ou gen pou fè, nan komantè anba pòs ou yo, jouskaske sa fini.
Phantom ti nèg manmi Mari ya, si'w pase kou sa frè pam paskew se Ayisyen, N'ap kontinye tann ou avèk RAP la nan somè ya.
Chemise Rouge
Men sa nou pa konprann, y'ap fè nou youn manje lòt
Paske se avèk emosyon nou n'ap aji, nou pap sèvi ak lespri nou.
27/01/2023
04/01/2023
Urgent !!!! Urgent !!!!
Ki sa nou konprann de swadizan pastè Armel Lafleur ya?
Mwen pa renmen pale ni pote jijman twò vit sou moun, men ti sa pa gen twòp vire tounen posib.
Pastè Armel Lafleur sanble gen yon Madichon nan dadal, tout sal yo te di'l fè yo ta sanble se yo k'ap pousib nonm nan, Madichon fanm pas se bagay wi. Janm wè komisè gouvèneman pati la pap gen wout pa bwa, ou te ranvwaye yon apèl deja pou 15 jou, jounen jodia sa preske gen 2 zan, ou te panse ranvwaye sa tou pou 15 jou ankò pou'l pran 4 an. Se byen konte, mal kalkile. Twòp moun kanpe nan sosyete, se swa pastè Armel ou komisè gouvèneman an.