03/09/2026
Gen kèk doulè ki pa fasil pou mete nan mo… 💔 Pèdi yon jèn konsa se yon blesi ki touche tout moun ki te renmen li. Sa dechire kè mwen anpil.
Mwen imajine doulè manman li ak papa li ap pote nan kè yo jodi a… doulè yon paran ki pèdi pitit li, yon doulè okenn paran pa ta dwe janm oblije konnen.
Pierre Damas Bel te yon jèn etidyan ki te gen lavi devan li, rèv li, espwa li ak anpil pwojè pou lavni. Li te gen anpil bagay toujou pou viv, anpil moman toujou pou pataje ak moun li renmen yo.
Li tris anpil lè yon moun rive nan yon pwen kote doulè lavi a vin twò lou pou li pote poukont li. Pafwa, dèyè yon souri, gen yon batay pèsonn pa konnen. Se pou sa nou dwe aprann koute youn lòt, pran swen youn lòt, soutni moun ki bò kote nou epi montre plis lanmou ak konpasyon.
Nan moman sa a, panse mwen ak tout kè mwen ale bò kote manman li, papa li, tout fanmi li, zanmi li yo ak tout moun ki te renmen li. Mwen swete Bondye ba yo fòs, kouraj ak konsolasyon pou yo kapab travèse gwo doulè sa a. 🙏🏿🕯️
Gen yon doulè ki pa janm disparèt nèt, men avèk tan, nou aprann viv ak souvni moun nou pèdi yo. Se pou tout bèl souvni Pierre kite dèyè yo vin yon sous fòs pou fanmi li ak tout moun ki te renmen li.
Repoze an pè, Pierre Damas Bel. 🕊️🤍
Ke Bondye akeyi nanm ou, ke ou jwenn repo nan lapè, epi ke souvni ou toujou rete vivan nan kè tout moun ki te konnen e ki te renmen ou. 🇭🇹🕯️
Kondoleyans pou manman li, papa li, tout fanmi li ak tout zanmi li yo.
Macdalie Pierre-Louis— Direktris Fanm Nòdwès