31/05/2026
Manman yo se ewo nou !
Chak jou, yo fè sakrifis, bay lanmou san mezire ak jwenn fòs pou kontinye avanse pou byennèt fanmi yo. Se poutèt sa yo se modèl kouraj, fòs ak detèminasyon pou nou tout.
Nan okazyon Fèt Manman sa a, Fondasyon Digicel vle di tout manman yo mèsi pou tout sa yo fè pou pitit yo, fanmi yo ak kominote yo. Chapo ba pou devouman nou ak lanmou nou, ki kontinye ede bati yon pi bon avni chak jou.
Bòn Fèt Manman !
30/05/2026
Samdi 30 me sa a, Fondasyon Digicel te patisipe nan "Forum d’Orientation Professionnelle 2026" la, yon inisyativ Fondasyon Ansyen Elèv Institution Saint-Louis de Gonzague an patenarya ak Mapou Lab.
Ansanm, nou kwè bon jan avni jenès la pa dwe yon aza, men pito yon aksè ak bon enfòmasyon, bon modèl ak bon opòtinite. Se poutèt sa nou te kontan patisipe nan jounen sila ki te rasanble elèv, pwofesyonèl, inivèsite, lekòl ak patnè pou ede jèn yo pi byen konprann diferan metye ak chemen ki disponib pou yo.
Paske lè yon jèn gen enfòmasyon li bezwen yo, li pi byen prepare pou l fè bon chwa pou avni li.
Ann dekouvri ansanm kèk moman nan jounen an !
29/05/2026
Jodi a se dènye jou pou w deziyen yon pwofesè ki enspire w e ki merite tout rekonesans nou !
Pa rate okazyon sa a. Ale sou : p4hglobal.org/pwona pou w fè nominasyon w lan kounye a.
27/05/2026
Pou 6e edisyon PwoNA sa a, ak Fondasyon Digicel kontinye onore, selebre ak valorize kokennchenn travay pwofesè yo atravè peyi a.
Epi, rete sèlman 2 jou pou w deziyen yon pwofesè ki merite tout rekonesans nou ! Ale sou : p4hglobal.org/pwona pou w kapab fè sa.
20/05/2026
Fondasyon Digicel kontan anonse kominote Delmas 33 a, gayan rejyon Lwès la nan konkou "Nou Nan Mondyal" li a. Bravo ak ekip katye ki te reprezante yo a !
Moun Delmas 33, Alaso !
20/05/2026
Fondasyon Digicel kontan anonse kominote Cavaillon an, gayan Gran Sid konkou "Nou Nan Mondyal" li a. Bravo ak ekip katye ki te reprezante yo a !
Moun Cavaillon Alaso !
19/05/2026
Fondasyon Digicel kontan anonse kominote Hinche lan gayan Gran Nò konkou "Nou Nan Mondyal" li a. Chapo ba pou ekip katye ki te reprezante yo a !
Gras ak viktwa sa a, moun Hinche pral gen chans viv ansanm yon pi bèl anbyans pou mondyal la.
Alaso !