Michel-Ange Gédéon

Michel-Ange Gédéon

Share

Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Michel-Ange Gédéon, New York, NY.

09/29/2025

Bondye Fidèl, chak ane anplis Ou ban mwen se yon temwayaj ke lanmou Ou pa gen fen. Mèsi paske Ou toujou veye sou mwen. Mèsi paske Ou pa janm lage nou, menm nan mitan moman difisil yo. Bòn fèt St. Michel Akanj, Kanpe devan mwen nan batay yo, e fè m mache ak kouraj nan limyè Ou 🙏🏽🙏🏽🙏🏽

06/12/2025

Bon 30yèm Anivèsè PNH – Twa Dekad Devouman ak Sèvis Piblik

30 lane depi Polis Nasyonal d Ayiti te mete sou pye kòm yon enstitisyon dedye a sekirite piblik, lòd sosyal, ak defans dwa fondamantal chak sitwayen. Depi premye jou a jiska jodi a, misyon li rete klè: pwoteje lavi, garanti lapè, epi mete sekirite nan kè nasyon an.

Trant ane sa yo make pa plizyè etap: fòmasyon, chanjman, defi, ak adaptasyon kontinyèl. Yo make tou travay san pran souf, sakrifis fanm ak gason ki chak jou mete tèt yo an danje pou garanti sekirite pou tout moun, san distenksyon.

PNH se pa sèlman yon fòs. Se yon estrikti ki egziste pou sèvi, pou aji avèk etik, disiplin, ak sans devwa. Devlopman li pa ta p posib san angajman ajan ki mete enterè kolektif anvan enterè pèsonèl, san kontribisyon dirijan ki te pran responsabilite ak vizyon, epi san sipò moral ak materyèl fanmi ki sipòte travay sa a sou lon tèm.

Selebrasyon 30yèm anivèsè sa a rive nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak youn nan pi gwo kriz sekirite nan listwa li. Plizyè katye anba men gwoup ame, plizyè fanmi ap viv deplasman fòse, e chak jou vin pi difisil pou sitwayen yo viv ak diyite.

Nan mitan tout sa, PNH kontinye kenbe tèt yo. Ajan yo kontinye leve chak maten pou reponn a apèl devwa, souvan ak mwayen limite, sou teren ki danjere, epi sou presyon pèmanan. Sa pa senp. Sa mande plis pase fòmasyon, li mande kouraj, detèminasyon, ak lafwa nan misyon an.

Jodi a se pa yon selebrasyon bèl pawòl. Se yon moman refleksyon sou valè lavi moun k ap sèvi yo, sou nesesite pou kore enstitisyon an, ak sou wòl li kòm poto mitan estabilite ak lespwa nasyonal. Sekirite pa yon dezi, li se kondisyon minimòm pou devlopman, pou edikasyon, pou mobilite, pou bati yon sosyete ki fonksyone ak respè mityèl.

Se moman tou pou sonje e onore tout ajan ki pèdi lavi yo pandan y ap sèvi. Se pa sèlman non sou lis, se eritaj ki kontinye enspire ak angaje tout kòlèg ki sou liy devwa a.

Polis Nasyonal d Ayiti gen 30 ane. Se pa jis yon etap. Se prèv ke malgre tout fòm kriz, enstitisyon sa a kontinye egziste, kontinye chèche ranfòse kapasite li, epi kontinye sèvi ak prensip.

Onè ak respè pou tout sila ki mete misyon an an premye, chak jou, malgre tout bagay.

Viv PNH. Viv sekirite pou tout moun.

Michel-Ange Gedeon

05/18/2025

M ap gade fèt drapo a weekend sa… tout kote.
M ap gade jan Ayisyen ap sòti a foul, rad sou yo, fyète sou figi yo.
M ap gade granmoun ak timoun ap mete koulè drapo sou tèt, sou zepòl, k ap chante nan lang kreyòl ak nanm yo.
M ap gade dyaspora ki pa janm viv Ayiti, men k ap chante “Ayiti cheri”

Sa ki touche m se pa sèlman sa zye m wè,
Se sa k ap pase an silans nan kè chak Ayisyen ki la: Yon lanmou ki pa janm mouri.
Yon lanmou ki depase zòn, ki depase aksan ak klàs.

Paske malgre tout divizyon yo, tout istwa yo mete ant nou, Nou toujou jwenn youn lòt.
Nan yon bèl ti mizik konpa, nan danse konbit, nan bonjan griyo ak pikliz… Nou sonje: nou se youn.

Men lanmou saaaa, li pa senp men Se lanmou sa ki kenbe Ayiti vivan, menm lè pa gen limyè. Paske se pa fil kouran ki bay limyè, Se linyon nou.
Se lè nou makonnen ansanm, epi di:
“Mwen la pou ou. Ou pa poukont ou.”

Fèt drapo a, se pa bèl rad, Se pa mizik sèlman.
Se pa selebrasyon sa ki te fèt men
Se rapèl sa nou dwe kontinye fè.

Se pa sèlman sonje zansèt yo, Men sonje misyon yo kite pou nou: Bati peyi nou. Kenbe youn lòt. Pa lage.

Ayiti se pa sèlman bout tè a, Se tout sa ki ini nou menm lè n pa sou menm tè. Se tout lanmou nou pote pou ras nou, pou lang nou, pou kilti nou men pi plis toujou, pou youn lòt.

Pandan n ap selebre, ann poze tèt nou yon kesyon:
Ki sa lanmou ak linyon vle di pou nou jodi a?
Èske nou vle kontinye viv separe, jije, meprize?
Oswa n ap chwazi bati ansanm, koute youn lòt, mete respè kote egoyis te ye?

Paske tout bagay n ap chèche yo,
Lapè, sekirite, devlopman dwe kòmanse ak nou. Avèk lanmou. Avèk kapasite nou pou mete tèt ansanm.

Lan linyon, gen pouvwa. Lan lanmou, gen gerizon. E si nou mete yo ansanm, Nou gen yon nasyon. Yon Nasyon Solid.

Se pou fèt drapo sa pa fini ak week-end nan.
Se pou li mete chalè nan kè nou, epi limen dife sa ki ka rebati nou.

Ann mete lanmou ak linyon sou drapo n chak jou. Paske Ayiti pap janm mouri si nou menm nou deside viv pou li, ansanm.

Bòn Fèt Drapo Konpatriyòt
Michel-Ange Gedeon
18 Me, 2025

01/01/2025

Yon 2024 ki te vrèman difisil pou frè ak sè nou yo nan Ayiti cheri nou an. Yon ane kote rèv ak espwa te souvan ranplase pa dezolasyon ak chay lavi. Lontan, nou te konn di: “Bon jan lane ap vini,” men jodi a, reyalite fè nou oblije chanje langaj. Nou oblije swete tout moun anpil kouraj, paske se sèlman kouraj ak detèminasyon ki ka ede nou kenbe fèm pandan move tan sa yo.

Malgre tout difikilte yo, n ap kontinye priye epi mete konfyans nou nan Bondye ki gen tout pouvwa nan syèl ak sou tè a. Nap espere ke li, avèk mizèrikòd li, va leve vwa li pou nasyon an. Ke 2025 sa ki ap vini an pote yon chanjman, yon ti limyè espwa ki ka klere nan mitan fènwa a, pou chak fanmi, chak kominote, ak tout yon pèp ki swaf lapè ak amelyorasyon.

Kouraj pou kenbe tèt, espwa pou rete debou, konfyans ke pi bon jou yo devan nou. Bòn Ane 2025 tout moun e Bòn Fèt Endepandans Ayiti 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

03/02/2024

Li pa fasil pou w jwenn bon jan pawol devan kokenn chenn dram sa yo k ap rive polis la. Men sak plis fè m mal toujou se lè m wè gen kèk moun ki pran plezi nan lanmò frè n ak sè n polisye sa yo ki fè yon sèl bagay ki mal ki se sèvi ak pwoteje vi ak byen tout moun. Mezanmi resezi nou pa kite emosyon, ti enterè, alyans tèt anba e koze politik fè nou pran PNH la pou bèt nwa . “Polis la se piblik la , piblik la se polis la, nou kondane pou nou toujou viv ansanm.” Pandan nou kondane atak sou tout fò m kap fèt sou polisye yo, nou koube nou byen ba pou nou prezante senpati nou ak tout PNH la ak fanmi, zanmi polisye sa yo ki viktim denye jou sa yo.

01/01/2023

Anpil fwa nou konn ap fè prediksyon de yon ane li pa menm pase arebò sa w te swete yo, se sa 2022 te aprann mwen. An 2023 nou pap fè okenn prediksyon men n ap antre nan lane a ak lafwa ak espwa , lafwa ak espwa ke tout bagay ap byen pase. M swete nou tout la yon Bòn ane 2023, Kèlkeswa obstak ki ta vin devan w, pouse devan ak lafwa san doute e san gade dèyè.

12/25/2022

Limyè toujou klere pou konbatan menm lè w rive nan dènye mach eskalye a. 2022 a pat fasil menm mondyalman, m pa konn sa 2023 ap pote men depi gen souf, gen espwa. Se nan menm espri konba sa mwen swete tout moun yon jwaye Nwèl e yon Bòn ane 2023 🎄🎁🙏🏾

09/30/2022

La gratitude est précieuse et je m’efforce de remercier la vie quotidiennement même lorsqu’elle est sévère avec moi.

Merci au Très-Haut pour sa bénédiction et merci beaucoup à ma famille et mes amis pour m'avoir couvert d'amour le jour de mon anniversaire 🙏🏾

09/29/2022

La vie est un éternel combat et que la lumiere continue à me guider. On dit que la vie commence a 50 ans … Bonne fête St Michel Archange 🙏🏾🙏🏾🙏🏾

06/26/2022

Yon papa konsekan e responsab pa nenpòt moun sitou ak pwa lou responsabilite sosyete a atann de nou. Riske tout ou menm pou avni pitit ou paske yo pat mande fèt se pi gwo akonplisman yon papa, kèlkeswa rès bagay ou arive akonpli nan lavi.

Ou menm nan konsyans pa’w si w santi ou pa pran responsabilite w e ranpli devwa w ase, pase yon ti tan ak konsyans ou jodi a pou ou mande tèt ou kòman w ka ranje sa.

Bòn Fèt Papa mesye, kenbe djanm, menm si nou pliye pa kite anyen kase nou.

06/12/2022

Policier un jour, policier toujours. Bon 27ème à la PNH, Kenbe djanm.

04/15/2022

Bon Vandredi Sen tout moun 🙏🏾

Want your business to be the top-listed Government Service in New York?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Telephone

Website

Address


New York, NY